TEXT 2- UJF108A-UJM108A

This interview took place in Cape Haitian during the 2007-2008 holiday seasons. The two youngsters, the boy R and the girl J were completing the last year of primary school (sixième fondamenale). The interviewer a male secondary school teacher followed the general pattern of interviews with junior consultants: family situation, description of a typical day and leisure activities. Watching telenovelas is a favorite activity and, although the summaries are hard to follow for persons not familiar with the plots of these serials, the youngsters’ recall of the numerous characters is impressive. Also noteworthy are the consultants’ familiarity with traditional folktales (kont or blag), in his case, a Bouqui and Malice story, the main characters in the most popular stories. Finally, a phenomenon that has both social and linguistic implications is the popularity of rap and its most famous group, B.C. Barricade. Interesingly, rap seems to be a vector for the introduction of English loanwords. From a linguistic perspective, note the high frequency of front rounded vowels and post-vocalic /r/, typical features of the frenchified variety of HC termed kreyòl swa, a variety of the language that Haitians exposed to French, as is the case for urban youngsters, would be able to move up .

[KONSANTMAN (0:36)]

K. Ou menm kòman ou rele?

R. Rudlen.

K. Se Rudlen ki sa?

R. -----. (silence)

K. Se nan ki ane ko w fèt?

R. Mil nèuf san katreven sèz. (pause)

K. Ki kote w fèt?

R. Balenbe. (pause)

K. Kòman yo rele papaw?

R. Jaksòn -----. (pause)

K. Kòman yo rele manmanw?

R. Bleèd -----. (pause)

K. E nan ki lekòl, ke ou ye?

R. Jan Venntwa. (pause)

K. Nan ki klas ko w ye?

R. Sizyèm ane.

K. Èsko w konn fè deplasman, kite koto w rete a, pou w ale lòt kote? <R. Wi.> Ki kote w konn ale konsa?

R. Monben Latay.

K. En hen. Ki kote ankò?

R. M konn vin lavil la dèfwa.

K. En hen. Èsko w konn ale Pòtoprens? <R. Non.> Ou pòkò janm ale kote ki lwen menm?

R. Non.

K. E ou menm kòman ou rele?

F. Fabyola -----. (silence)

K. E nan ki ane ko w fèt?

F. Mil nèuf san katreven disèt.

K. Ki koto w fèt?

F. Okapayisyen.

K. Kòman yo rele papaw?

F. Agar -----.

K. Kòman yo rele manmanw?

F. Julya -----.

K. Nan ki lekòl ou ye?

F. OEUVRE DE SECOURS A L’ENFANCE. (silence)

K. Nan ki klas ko w ye?

F. Sizyèm ane.

K. Èsko w konn fè deplasman, kite Okap pou w ale Pòtoprens oubyen lòt kote? <F. Wi.> Ki kote w konn ale konsa?

F. Mònrouj, Charye. (silence)

K. Bon e… m byen kontan nou ban m ti enfòmasyon sa yo. E… konnya la nou pral pale m e… deu kote nou rete a. Nou di m ke nou fèt Okap, men nou gen on kote ke m rete. Pa vre?

F & R. Wi.

K. Se ki koto w rete ------?

R. Mwen… mwen m rete Sentfilomèn.

K. M hm. Pale nou de Sentfilomèn non.

R. Nan riyèl esperans. <K. M hm.> Bon katye a pa trò mal dutou. Nèg yo konn fè ti kooperasyon, pou yo netwaye vil… e… ti katye konwè mete poubèl. Nèg yo konn fè ti konbit. X wè… e… yo mete enpeu moun veye moun, pou yo pa jete fatra. Men dèfwa pou kouran… i konn gen voye boutèy, voye wòch.

K. E… sou w soti Okap, ki s… kote w ap fè pou w ale e… koto w rete a?

R. Si m soti Okap? <K. Wi nan vil la.> Si m soti Okap nan vil la ki kote m ap fè pou m ale?

K. En… pou al lakay ou. En hen.

R. Bon m ap pran machin anba a la. <K. M hm.> Apre m… m moute. <K. M hm.> Jiskaske m rive nan kafou Sentfilomèn.

K. E ou menm e… Fabyola, ki koto w rete?

F. Site Lèsko.

K. Èsko w ka pale m de Site Lèsko? Pale m kouman katye a ye.

F. Mwen, kotanm nan katye a pa b… pa bon katye. Yo te konn kòmanse pou yo fè… Senkwa te ba yo bagèy pou yo konn ranmase fatra. Yo vann bourèt, yo vann pèl. Yo vann bale. Yo pa f anyen. Moun ap jete fatra, ou p ap d anyen. Yo p ap fè konbit. Si gen lajan, y (yo) ap f on bagèy. Men si pa gen lajan, yo p ap f on bagèy. Kon wè la lòtre jou, yo pa janm ban nou kouran an, yo voye boutèy, voye wòch. Tèt a moun kase, machin pran… vitayo pete. Lòtbò a pa on bon kote.

K. E kòman w santou w lè w nan katye a?

F. M pa santi m byen dutou, paske m pa ka tande bwi anpil. Depi m tande bwi tètanm fè m mal.

K. M hm. Wè…------ou di ou lekòl Jan Venntwa. <R. Wi.> Pale nou lekòl Jan Venntwa non. Di m ki kote Jan Venntwa ye. E kòman lekòl la ye li menm.

R. Jan Venntwa se nan site Lèsko. <K. M hm.> Lekòl la, m vin pa renmen y konnya, pase (paske) mèt Sentilè ki te konn ap konptwole bèèy yo byen… timoun yo… gen seri de bèèy y (yo) ap fè konnya, yo pa t konn fè y. Puiske mèt Sentilè pa la, yo pa rèspèkte pwofesè, y (yo) ap joure. Yo… y (yo) ap goumen. Mèt Sentilè pa vle yo fè lago pou yo… pyayo… pou XX yo pa kase. Yo pa… konnya se tout sa y (yo) ap fè.

K. M hm. Men pale nou kòman lekòl la òganize. Kòman lekòl la li menm, li fonksyone?

R. Bon. Mwen m wè y pa trò mal fonksyone, paske… pwofesèu sizyèm ane a… li menm li pran… li pran obligasyonwèy pou i s… pou i… kon wè pou i sèvi kòm direktris lekòl la. <K. M hm.>I a… i a trò mal fonksyone.

K. Oke.E ou menm e… Fabyola. Pale m deu lekòl ou a non. Kòman lekòl la ye? Ki kote «Oeuvre de secours à l’enfance» li ye? E kòman lekòl la fonksyone?

F. «OEUVRE DE SECOURS A L’ENFANCE», ru (ri)… site Lèsko. S… ri zero. Pou ale ri zero. Men te g on mannmwazèl yo te rele madam Levi. Konnya i pa… i te konn kenbe lekòl la dur. Konnya i vin nan pansyon. I pa la s… ankò. Timoun yo konnya, yo fè sa yo vle. Lekòl la pa an disiplin. Mè a pa ka di yo anyen. Lè mè ap pale yo, se bougonnen y (yo) ap bougonnen. Gen nan yo mè a konn tounen lakayayo, pou joure. G on mèt konnya mè a pran… i te vin mete y nan lekòl la. Timoun yo pa rèspèkte mèt la. Si mèt la ba yo on kout igwaz. Yo vin ake paran yo, pou paran yo fè woulo. Swa yo blese kòrayo yon kote, pou yo di paran yo se m… mèt la ki blese yo. Lekòl… konnya mèt la vin ale nan Lise Boukmann nan. I kite lekòl la. I di i p ap kontinye ladan y ankò.

K Men daprè ou… sa ki fè tout bagèy sa yo rive?

F. Mèt la… si l ap kale w… si l ap kalo w… i p ap mande ki sò w fè si se goumon w goumen, si se bèèy. Depi yo voyo w nan direksyon an, i p ap mand anyen. Sèlman i rale igwazèy. I bat ou… bèèy. Se s ak fè timoun yo pa ka rèspèkte y. I p ap janm poze sa nou te gen. Timoun yo pa rèspèkte y. (pause)

K. Bon èske nou kapab di m ki sa papa nou ak manman nou ap fè pou kapab okipe nou, ------?

R. Bon papanm li menm li mouri, depi a laj de tranntwazan. Konnya se nan man (men a) yon tantann m ye Okap. Manmanm li, i Balenbe… avèk deu sè m. Men m pa sou kont manmanm konya, se sou kont yon tant m ye.

K. Men e ki sa manman w ap fè pou i kapab okupe w?

R. Bon m te ka prèske di manmanm pa fè anyen pou mwen.

K. E tantann nan ki sa l ap fè pou l okipe w?

R. Bon l ap fè yon ti komès chak dimanch, li vann soup pou l peye lekòl, pou l achte rad, pou l achte founiti skolè yo, tout bagay.

K. M… M wè w pale m deu Balenbe e… keu man… e manmonw ye. Èsko w ka di nou ki kote Balenbe a ye e kòman Balenbe ye li menm?

R. Bon Balenbe… BaX… Balenbe pa bon dutou… paske wout yo… yo fèt an wòch. XX moun ap tiye lòt. Tankou… pou nenpòt ti kont. S ou g on moun ki aletranje, depr(depi) i vini, pa kite y desann anba Lenbe, paske… moun… moun y (yo) aprèy di ò ou gen kòb. Y (Yo) aprèy… y (yo) aprèy y (yo) a… chacho w kont.

K. E… nou di m keu… e… ou di m keu papòw e… li menm li mouri. Èsk ou te konnen papòw? <R. Wi.> Èsk ou ka pale m de papòw?

R. Bon m pa konn anpil bagay sou li. Paske depi lè m te kòmanse gen konprann… i te malad. Se sèl san m te ka di. Paske i te malad on kote y kouche, i pa t janm leve. Se sèl san m konnen de li.

K. E sou menm Fabyola, pale nou de sa manmonw ak papòw ap fè, pou kapab okipe ou.

F. Mwen, papanm ap travèy nan T.P.T.C., TRAVAUX PUBLICS TRANSPORT ET COMMUNICATION. Lè y touche lajan an, swa… i voy… lekòlanm pòtkò (pa te ankò) te peye… pou yo… yo pa t vle ban m badj. Epi papanm voye peye y, yo ban m reusu. Epi m pran badjanm . Papanm ap travay ladan, jodi a papanm touche, l aprèy peye lekòl a Sandi ake Byanka. Manmanm li se koud l ap koud, chak ti kòb i fè i mete yo la. Swa i f on bagèy ake y. Oubyen l achte bèèy i met anndan kay la.

K. E kòman nou viv nan fanmiy lan?

F. Pa trò mal.

K. Ou gen sè ou gen frè? <F. Wi.> Èsk ou ka pale m de yo?

F. M gen deu sèu kote papa. M gen yon frè kote papa. M gen yon frèyanm ki… yo rele Junyòr… Luko ------, papanm bè y on ti non gate Junyò. I Pòoprens aktyèulman la. I marye. I gen yon pitit aktyèulman la. I te rive nan reto, chak tan l ay konpoze, i pa bon. Epi i te vin aprann on bagèy, malgre l aprèy lekòl, i aprann on metye. I bèèy ladan, pou jis konnya, i vin ansanm ak on tifi, konnya epi tif… dam nan ansent. Epi i fè pit la. Epi i pòkò te menm akouche menm, epi yo marye yo. Papanm te moute l èy marye yo, papanm te dakò, epi yo marye. Epi i gen pit la X aktyèulman la. M gen deu sèranm ankò, yonn yo rele Mirvlin ak yonn yo rele Arlin. Arlin nan… me i gen yon pitit aktyèulman la, l ap fè… katriyèm seugondèr nan Lise Filif Gèrye a. Men Youvlin li, m pa konn anyen de li. I te kote papanm nan, i te gen on kont ansanm ake Lilin, i te vini lakay la kote papanm. Konnya papanm te… XX ansanm ake y bèèy… epi i leuve on jou dimanch konsa, i di l èy wè moun yo… Senmich… lè y wè moun yo… m pa son… Madlin. Konnya epi i pran radèy l ale, i pa janm tounen, pou jis… nou pa konn kote i ye. M tande yo di… on t… on sèr a papanm yo rele… Irmid. I di konsa Lilin di konsa se ru sis i ansanm ake y. Men i pa konn si se vre. Paske se Lilin ki konn vin wè w lakay la. Lilin konn vin lakay la ansanmm ak pit la. Nou pa konn kote i ye, ak kote y pa ye.

K. E ou menm… ------, pale m de fanmiyòw non.

R. Bon. Yo a (pa) trò mil… yo a trò mal viv anba Lenbe. M gen deu sèu. Yo… m gen ki… pi gran an t èy konpoze… ane pase sètifika, i pa t bon. Konnya m jwenn li, n ap fè menm klas. Lòt ti piti a, i ponkò lekòl. (pause).

K. Wi. E… Fabyola, èsk ou ka di m keu… lakay la, kòm anpil timoun konn ede paran yo, ki sò w fè pou ede paran w lakay la?

F. L… gen de lè m leuve… m fè travay, m lave veso, m ranje kabann, m bale.

K. Èsk ou ka di m kòman w konn fè lò w ap bale?

F. M pran bale a m kenbe y. Epi m reti… m ranje tab yo anvan. Apre lè m fin souke tab yo, m fin siye yo, X pousyè a tonb atè a. M siye tout chèz yo, epi m mete yo len anndan lòt, pou m ka bale. Apre m reranje yo ankò, kote m fin bale a… kote pou m mete yo a, m ranje yo. Epi m ran… m bale tout anndan an. M r… m siye kab… m… m siye tab, lòt dèyè a. M bat kabann nan pou pousyè tonbe, epi m bale dèyè a tou. Epi m… m ranje kabann. Epi m sot ak fatra deyò, m ranmanse y, m jete y.

K. Ou pa konn fè manje tou? <F. Wi.>Ki manje ou konn fè konsa?

F. Manmanm konn ban m kit duri kole ake pwa. M konn bann kut (kwit) duri ak sòs, men li etwaye vyann… li pa kite m etwaye y. I konn ban m fè spageti… leu maten.

K. Èsko w ka di m e… kò… e… e… kòman m konn kit spageti?

F. Bon m konn kit li deu fason. Gen de lè m pran y, m fwi epis, m fwi salami an, m mete dlo. M tann dlo a bouyi, m mete spageti a. M pa met anpil dlo. Apre m kite spageti a bouyi, i bouyi. Dlo a fini ladan nèt pou i fwi li sèlèy konsa. Gen de lè m mete dlo a, m mete yon ti… pèsi ladan y pou i bouyi, lè dlo a bouyi, m kase spageti a m mete y, apre lè spageti a kit, m retire y, m vide dlo a, m mete chodyè cho, m mete lwil, epi m mete epis. M met… m mete salami an fwi. Apre m mete epis. Epi m mete spageti a fwi, apre m bèy koulè, m brase y, epi m kite y f on ti… bagèy, yon ti lè dufe a, epi m mete y atè m separe y.

K. E ou menm ------, di m sò w konn fè lakay la pou ede paran w?

R. Sèl bale m bale.

K. Ò! Ou pa konn fè manje? <R. Non.> Bon oke. Di m kòman ou konn fè lè w ap bale.

R. Bon se prèske menm jan. M siye tout bagay. Apre m bale.

K. En hen. Sèulman sa ------? <R. Wi.> Oke. E ------, e… ou pral di m konnya ------kòm ou lekòl, ki sò w ta renmen vin ye lò w fini lekòl.

R. Bon m ta renmen yon doktèu.

K. M hm. Di m poukisa ou ta renmen doktèu?

R. Paske… pas… sa k fè m renmen doktè, paske yo i… yo itil peyi a anpil. Ou gen dwa gen yon moun bò lakay ou k ap soufri, i g on tèt fè mal, ou… ou ka… yo mennen y lopital la, ou bèèy li.

K. E ou menm Fabyola, lò w fini ki sò w ta renmen etudye?

F. (bruit de bouche) Doktorès.

K. Di m… pou… poukisa ou ta renmen etudye l?

F. M ta renmen pou si fanmiyanm g on bagèy, pou se… pou si Samouna g on bagèy oubyen pitèy la malad… epi si y gen ti… pitit epi y malad, si m ka f on bèèy pou li, si ka bèy on pikur, m bèy li. Surtou ankò, m ta renmen pou m vin menm jan kon wè moun nan ye. M pa ta renmen pou m vin jan papanm ye a, pou l… si y bezw on bagèy pou l ap nan mande moun, mande prete. M pa ta renmen konsa. M pa di se vi a ki pa bon non. Men m pa ta renmen konsa. Kon wè manmanm, manmanm kouturyè, m ta renmen pou m konn koud wi, men pou m aprann yon bagèy ki pi gwo, pase konn koud a manmanm. Kansi (kòmsi) si moun nan machann chabon, manman pitit… manmanm ap vann chabon, epi mwen m èy vann chabon tou. Non. M ap o… m ap… m ap f on bagèy ki… pou leve tèt mwen, pou m pi gwo pase sa manmanm fè a.